/1 Sa ki te depi nan komansman, sa nou te tande, sa nou te oue avek je nou yo, 
sa nou te byin gade, e min nou yo te touche, nan Parol lavi a.
Paske lavi te manifeste, e nou te oue li, e nou bay temouayaj, e montre nou 
lavi etenel sa, sa ki te avek Papa a, e sa ki te manifeste nan nou.
Sa ke nou te oue e nou te tande nou deklare nou, pou nou kapab ginyin 
konminion avek nou tou: e konminion nou se vreman avek Papa a, e avek Pitit 
Gason Li Jezu Kri.
E bagay sa yo nou ekri nou, pou joua nou kapab plin.
Sa se mesaj ke nou te tande pa Li, e nou deklare nou, ke Bon Dieu se lumie, e 
pa ginyin teneb nan Li di tou.
Si nou di ke nou ginyin konminion avek Li, e nou mache nan teneb la, nou bay 
manti, e nou pa fe verite a.
Min si nou mache nan lumie a, jan Li nan la lumie a, nou ginyin konminion youn 
avek lot, e san Jezu Kri Pitit Gason Li netouye nou nan tout peche.
Si nou di ke nou pa ginyin peche, nou ap tronpe tet nou, e la verite pa nan 
nou.
Si nou konfese peche nou yo, Li fidel e jis pou padonnin peche nou yo, e pou 
netouaye nou nan tout injistis.
Si nou di ke nou pa te peche, nou fe Li paret kom you mante, e parol Li pa nan 
nou.

/2 Ti pitit mouin yo, mouin ekri bagay sa yo, pou nou pa fe peche; E si ninpot 
moun fe peche, nou ginyin you avoka avek Papa a, Jezu Kri jis la.