Haitian

/1 Paske, Bon Die telman rinmin lezom ki sou late, li bay sel Pitit li-a pou yo; Tout moun ki va mete konfians yo nan li, pap mouri; Okontre ya gin lavi ki pap janm fini an. Sou pouin sa-a, Bon Die montre nou jan li rinmin nou anpil; paske nou tap fe peche toujou, le Kris la mouri pou nou. Se te jou anvan fet Pak jouif yo; Jezu te konnin le-a te rive pou-l te soti kite te sa-a, pou l-al jouinn Papa-a; Li pat manke rinmin moun pa-l yo ki te nan lemonn; Li te rinmin yo net ale. Benediksion ak ke poze ki soti nan Jezu Kris tou, li minm ki te bay verite-a jan-l ye-a, li minm premie pitit ki leve soti vivan nan lanmo-a, li minm ki chef tout roua ki sou late; Li rinmin nou, li mouri pou-l te ka delivre nou anba peche nou yo. Moun ki pa gin lamou nan ke-l, li pa konnin Bon Die; Paske, Bon Die se lamou minm. Min ki jan Bon Die fe nou oue jan li rinmin nou; Li te voye sel pitit li-a sou late pou-l te ka ban nou lavi. De byin louin Letenel te fe-m oue li; Mouin rinmin ou avek you amou san mezu; Se pou sa mouin konseve bonte mouin pou ou.

/2 Jezu reponn li: Depi tout tan sa-a mouin la avek nou, Filip, ou poko konnin-m toujou? Moun ki oue-m, li oue Papa-a; Ki jan ou ka fe di: Montre-m Papa-a?. Gin le ou pa koue mouin nan Papa-a? Ou pa koue Papa-a nan mouin tou? Tout parol mouin di nou yo, se pa nan mouin yo soti; Papa-a ki fe youn ak mouin an, se li minm kap fe travay li.

free web site hit counter